PAJ LISTWA

         PAJ LISTWA

Meni

Revolisyon

18 May 2026
PL00180526

PL00180526

18 ME 1803 : KREYASYON DRAPO AYISYEN AN NAN AKAYÈ

Dat 18 me 1803 la te make yon dat fondamantal nan listwa Ayiti ak kreyasyon ofisyèl drapo ayisyen an nan Akayè pandan lit pou endepandans nasyonal la. Reyini bò kote JEAN-JACQUES DESSALINES, chèf revolisyonè yo te deside adopte yon nouvo anblèm ki senbolize inite pèp ayisyen an fas ak dominasyon kolonyal fransè a.

Daprè tradisyon istorik la, DESSALINES te retire bann blan drapo fransè a pou te konsève sèlman ble ak wouj la, ki te reprezante inyon ant nwa yo ak milat yo. CATHERINE FLON te koud de bann yo ansanm pou kreye drapo ofisyèl peyi a pandan peryòd revolisyonè desizif sa a.

Kreyasyon drapo a te fèt nan yon kontèks gwo gè kont fòs fransè yo Napoléon Bonaparte te voye pou retabli esklavaj nan koloni SENDOMENG lan. Drapo sa a te tounen byen vit yon siy rezistans, libète ak detèminasyon pou konbatan ki te angaje nan revolisyon ayisyèn nan pou endepandans.

Jounen 18 me 1803 la rete yon dat sakre nan memwa kolektif ak listwa nasyonal ayisyèn nan. Kreyasyon drapo ayisyen an senbolize inite pèp la nan lit pou libète, endepandans ak souverènte Ayiti fas ak opresyon kolonyal etranje a.

25 Feb 2026
PL00250226

PL00250226

25 fevriye 1986: Tonbe Ferdinand Marcos ak Triyonf revolisyon "Pouvwa Pèp la" nan Filipin.

25 fevriye 1986 te make fen plis pase 20 lane rèy otoritè nan Filipin, nan moman prezidan an te oblije abandone pouvwa a anba presyon yon gwo soulèvman popilè.

Pandan plizyè jou, plizyè milyon sitwayen te mobilize nan lari Manila pou sipòte opozisyon an ki t ap dirije anba kontwòl Corazon Aquino, denonse fwod elektoral, koripsyon ak represyon. Lame a li menm te arive divize, kèk ofisye te rantre nan popilasyon an nan yon mouvman rezistans inik ak pasifik.

Nan dat 25 fevriye, pandan Marcos t ap prete sèman nan yon seremoni, Corazon Aquino te prete sèman kòm prezidan pa sipòtè li yo. Kèk èdtan aprè, fas ak tansyon soulèvman an, Marcos ak lantouraj li te kite peyi a epi yo te kouri al an egzil.

Jou istorik sa a te make viktwa dezobeyisans sivil pasifik la epi li te inogire yon nouvo epòk demokratik nan Filipin, sa ki fè 25 fevriye se yon senbòl mondyal rezistans san vyolans kont otoritaris.

24 Feb 2026
PL00240226

PL00240226

24 fevriye 2022: Kòmansman envazyon lame ris la nan Ikrèn.

Nan dat24 fevriye 2022, Larisi te lanse yon operasyon militè espesyal kont Ikrèn, sa ki te make kòmansman youn nan konfli ki pi grav an Ewòp depi Dezyèm Gè Mondyal la. Nan granmaten, yo te fè atak ayeryèn ak atak sou tè sou plizyè rejyon ikrenyen, tankou Kyiv, Kharkiv, ak Odesa.

Prezidan Larisi a te anonse yon "operasyon militè espesyal," li te site rezon sekirite ak jistifikasyon istorik ke kominote entènasyonal la te konteste anpil. Atak la te pwovoke yon kondanasyon nan men anpil eta, sa ki te mennen nan yon vag sanksyon ekonomik grav kont Larisi.

Pou pati pa li, Ikrèn, sou lidèchip Prezidan zelensky, te òganize yon rezistans detèmine. Plizyè milyon sivil te oblije kouri, sa ki te deklanche youn nan pi gwo kriz imanitè 21yèm syèk la an Ewòp.

24 fevriye 2022 rete yon dat enpòtan, li senbolize reaparisyon yon gwo konfli sou kontinan Ewopeyen an epi li transfòme balans jeopolitik mondyal la.

22 Feb 2026
PL00220226

PL00220226

22 Fevriye 1986 : Koumansman revolisyon "pouvwa pèp" la nan Filipin.

22 fevriye 1986 make kòmansman Revolisyon ki te batize "Pouvwa Pèp" la nan Filipin, yon soulèvman masiv e pasifik ki t apral mete fen nan plis pase ven (20) lane diktati anba Prezidan Ferdinand Marcos.

Jou sa a, aprè yon eleksyon kontwovèse ki te mete Marcos anfas kandida opozisyon demokratik Corazon Aquino, yon pati nan lame a te dezète epi li te pran refij nan Kan kram, li te mande popilasyon an pou sipòte yo. Kèk tan aprè, plizyè santèn milye sivil te desann nan lari Manila, yo t ap balanse drapo, priye, epi fòme yon yon gwo foul pou anpeche represyon militè.

Mouvman an pat pran anpil tan pou l te grandi nan yon pwopòsyon istorik: fanmi, lidè relijye, etidyan, ak travayè te mete tèt ansanm pou yon zak rezistans san vyolans espektakilè Mobilizasyon popilè sa a te arive fòse Ferdinand Marcos kite peyi a, sa ki te louvri chimen pou Corazon Aquino te vin pran pouvwa pou dirije Filipin.

Konsa, 22 fevriye 1986 senbolize youn nan pi gwo viktwa dezobeyisans sivil pasifik nan 20yèm syèk la, yon moman kote yon pèp san zam te chanje desten politik yon nasyon.

18 Jan 2026
PL00180126

PL00180126

18 janvye 1804: Lòd Jean-Jacques Dessalines kont kolon fransè yo an Ayiti.

Nan dat 18 janvye 1804, kèk semèn aprè pwoklamasyon endepandans Ayiti a, Jean-Jacques Dessalines te pran desizyon radikal pou elimine kolon fransè ki te rete nan peyi a. Mezi sa a te pran nan yon kontèks gwo ensekirite, make pa memwa masak, esklavaj, ak plizyè tantativ rekonkèt kolonyal.

Jou sa a, Dessalines te bay enstriksyon ki te vize anpeche nenpòt retou sou dominasyon fransè. Pou nouvo gouvènman Ayisyen an, siviv eta endepandan an te depann de yon kraze lòd kolonyal la epi eliminasyon nenpòt menas entèn ki ta ka fasilite entèvansyon etranje.

Operasyon ki te fèt nan semèn ki te vin aprè yo te vyolan e kontwovèsyal. Yo te lakòz lanmò anpil kolon, pandan yo t ap epanye kèk ti gwoup, sitou etranje ki pat fransè ak kèk pwofesyonèl yo te konsidere kòm esansyèl. 

18 janvye 1804senbolize yon moman desizif nan konsolidasyon endepandans Ayisyen an. Li ilistre chwa ekstrèm fondatè premye repiblik nwa nan mond lan, ki te detèmine pou prezève libète yo te genyen aprè yon revolisyon sanglan.

14 Jan 2026
PL00140126

PL00140126

14 janvye 1784: Ratifikasyon Trete Pari a, ki te mete fen gè Revolisyon Ameriken an.

Nan dat 14 janvye 1784, reprezantan Etazini ak Gran Bretay te ofisyèlman echanje ratifikasyon Trete Pari a, ki te mete fen nan gè Revolisyon Ameriken an definitivman. Yon akò ki te siyen kèk mwa anvan, nan dat 3 septanm 1783, akò sa a te rekonèt souverènte trèz 13 ansyen koloni ki te vin tounen Etazini d Amerik.

Ratifikasyon sa a te konsakre viktwa diplomatik ak militè rebèl ameriken yo, sipòte an patikilye pa Lafrans, Espay ak Repiblik Olandè a. Trete a te etabli tou nouvo fwontyè nasyon sa ki te fèk pran nesans lan, ki te pwolonje rive nan Rivyè Mississippi a, epi li te rezoud divès pwoblèm ki gen rapò ak dèt, prizonye ak byen konfiske pandan konfli a.

Pou Grannn Bretay, akò a te make fen yon konfli long ak koute chè ak pèt yon pòsyon enpòtan nan anpi kolonyal li nan Amerik dinò. Pou Etazini, li te make kòmansman yon nouvo epòk: konstriksyon yon eta endepandan, ki te fè fas ak gwo defi politik, ekonomik ak enstitisyonèl.

14 janvye 1784 rete yon dat enpòtan nan listwa mond lan. Ratifikasyon Trete Pari a te konfime nesans ofisyèl Etazini kòm yon nasyon souveren epi li te ranfòse enfliyans ideyal libète ak otodetèminasyon ki t apral enspire anpil mouvman revolisyonè atravè mond lan.


Redaksyon : Kenny Paul 

      Edisyon : PAJ LISTWA

X