PAJ LISTWA

         PAJ LISTWA

Meni

Endepandans

17 Feb 2026
PL00170226

PL00170226

17 fevriye 2008: Deklarasyon Endepandans Kosovo.

Nan dat 17 fevriye 2008, Kosovo te deklare endepandans li inilateralman, sa ki te mete fen nan plizyè ane administrasyon entènasyonal aprè gè Kosovo ki te koumanse nan lane 1998 pou rive nan lane 1999. Deklarasyon sa a te adopte pa Palman Kosovo a ki te reyini nan Pristina nan mitan yon klima emosyon nasyonal.

Avèk sipò plizyè puisans oksidantal, deklarasyon endepandans lan te pwovoke yon gwo opozisyon nan Sèbi, ki toujou konsidere teritwa a kòm yon pati entegral nan eta li. Pwoblèm lan te divize kominote entènasyonal la tou, majorite peyi Ewopeyen yo pat pran tan pou rekonèt nouvo eta a, pandan ke lòt peyi, tankou Larisi ak Lachin, te rejte deklarasyon sila an.

Zak sa a te make yon etap desizif nan listwa kontanporen Balkan yo, li te louvri yon nouvo chapit politik pou Kosovo, men li te kite dèyè tansyon rejyonal ak diplomatik ki toujou egziste jouk jounen jodi a.

14 Jan 2026
PL00140126

PL00140126

14 janvye 1784: Ratifikasyon Trete Pari a, ki te mete fen gè Revolisyon Ameriken an

Nan dat 14 janvye 1784, reprezantan Etazini ak Gran Bretay te ofisyèlman echanje ratifikasyon Trete Pari a, ki te mete fen nan gè Revolisyon Ameriken an definitivman. Yon akò ki te siyen kèk mwa anvan, nan dat 3 septanm 1783, akò sa a te rekonèt souverènte trèz 13 ansyen koloni ki te vin tounen Etazini d Amerik.

Ratifikasyon sa a te konsakre viktwa diplomatik ak militè rebèl ameriken yo, sipòte an patikilye pa Lafrans, Espay ak Repiblik Olandè a. Trete a te etabli tou nouvo fwontyè nasyon sa ki te fèk pran nesans lan, ki te pwolonje rive nan Rivyè Mississippi a, epi li te rezoud divès pwoblèm ki gen rapò ak dèt, prizonye ak byen konfiske pandan konfli a.

Pou Grannn Bretay, akò a te make fen yon konfli long ak koute chè ak pèt yon pòsyon enpòtan nan anpi kolonyal li nan Amerik dinò. Pou Etazini, li te make kòmansman yon nouvo epòk: konstriksyon yon eta endepandan, ki te fè fas ak gwo defi politik, ekonomik ak enstitisyonèl.

14 janvye 1784 rete yon dat enpòtan nan listwa mond lan. Ratifikasyon Trete Pari a te konfime nesans ofisyèl Etazini kòm yon nasyon souveren epi li te ranfòse enfliyans ideyal libète ak otodetèminasyon ki t apral enspire anpil mouvman revolisyonè atravè mond lan.

Redaksyon : Kenny Paul 

      Edisyon : PAJ LISTWA

8 Jan 2026
PL00080126

PL00080126

8 janvye 1961: Referandòm fransè sou otodetèminasyon Aljeri a

Nan dat 8 janvye 1961, sitwayen fransè yo te rele nan biwo vòt yo pou vote sou otodetèminasyon Aljeri a, yon peyi ki te angaje nan yon gè kote san t ap koule pou endepandans depi 1954. Jeneral de Gaulle te pwopoze pou rekonèt dwa Aljeryen yo pou deside pwòp avni politik yo, sa ki te louvri wout pou yon solisyon negosye pou konfli a.

Jou sa a, yon gwo majorite elektè te apwouve pwopozisyon an, ni nan Lafrans metwopolitèn ni nan kèk teritwa lòt bò dlo. Rezilta a te entèprete kòm yon gwo pwen enpòtan, li te konfime ke popilasyon fransè a te aksepte pèspektiv yon retrè gradyèl ak yon transfòmasyon pwofon nan relasyon ant Lafrans ak Aljeri.

Apre vòt sa a, chita pale yo te vin miltipliye ant gouvènman fransè a ak Fwon Liberasyon Nasyonal la (FLN). Malgre afwontman vyolan ki te kontinye yo ak yon opozisyon fò, patikilyèman nan men moun ki te sipòte Aljeri fransè a, momenntòm ki te mete an mouvman an te fè endepandans lan difisil pou kanpe.

8 janvye 1961 rete yon dat kle nan pwosesis dekolonizasyon an. Li make moman Lafrans te rekonèt ofisyèlman prensip otodetèminasyon Aljeryen an, yon prelid pou Akò Évian nan lane 1962 yo ak nesans yon eta souveren aljeryen.

X