PAJ LISTWA

         PAJ LISTWA

Meni

Istwa

19 May 2026
PL00180526

PL00180526

19 ME 1536 : EKZEKISYON ANNE BOLEYN NAN PEYI ANGLÈTÈ:

Dat 19 me 1536 la te make ekzekisyon Anne Boleyn, dezyèm madanm wa Henri VIII nan peyi Angletè, nan Tou Lond la aprè yo te rekonèt li koupab trayizon. Ekzekisyon sa a te make youn nan epizòd ki pi popilè ak pi kontwovèse nan listwa politik ak monachi anglè a pandan 16yèm syèk la.

ANNE BOLEYN te jwe yon gwo wòl nan separasyon Angletè ak Legliz katolik womèn nan kèk lane anvan sa. Volonte wa HENRI VIII la pou divòse ak premye madanm li pou te marye ak ANNE BOLEYN te lakòz yon gwo kriz relijye ki te mennen nan kreyasyon Legliz anglikàn nan ki te endepandan ak otorite pap la.

Yo te akize ANNE BOLEYN poutèt adiltè, konplo ak ensès pandan yon pwosè anpil istoryen konteste. Yo te kondane li ak pèn lanmò. Pitit fi li, Élisabeth Ire, t apral vin pi devan youn nan rèn ki te gen plis enfliyans nan listwa britanik ak ewopeyèn nan.

Jounen 19 me 1536 la rete yon dat enpòtan nan listwa politik, relijye ak monachi anglè a. Ekzekisyon ANNE BOLEYN senbolize gwo konfli pouvwa, kriz relijye ak transfòmasyon politik pwofon ki te make Angletè pandan epòk TUDOR yo.

17 May 2026
PL00180526

PL00180526

17 ME 1954 : FEN SEGREGASYON LEKÒL OZETAZINI

Nan dat 17 me 1954, Lakou Siprèm Etazini an te rann yon desizyon istorik nan dosye Brown v. Board of Education konsènan segregasyon rasyal nan lekòl piblik ameriken yo. Jij yo te deklare separasyon elèv nwa ak elèv blan yo nan etablisman eskolè yo te kontrè ak Konstitisyon ameriken an ansanm ak prensip egalite a.

Anvan desizyon sa a, plizyè eta ameriken te aplike lwa ki te enpoze lekòl separe selon koulè po elèv yo nan anpil rejyon nan peyi a. Sistèm diskriminasyon sa a te limite anpil dwa Afro-Ameriken yo epi li te lakòz gwo inegalite sosyal, edikatif ak ekonomik nan sosyete ameriken an nan epòk sa a.

Desizyon Lakou Siprèm nan t apral tounen yon gwo senbòl mouvman dwa sivil yo Ozetazini pandan lane ki te vini aprè yo. Malgre rezistans politik ak sosyal ki te parèt nan kèk eta nan sid peyi a, desizyon sa a te ankouraje anpil mobilizasyon kont diskriminasyon rasyal ak pou egalite dwa sivil yo.

Jounen 17 me 1954 la rete yon dat enpòtan nan listwa dwa sivil yo ak jistis sosyal Ozetazini. Desizyon istorik sa a te make yon etap enpòtan nan lit kont segregasyon rasyal ak nan defans egalite devan lalwa Ozetazini.

2 May 2026
PL00020527

PL00020527

2 ME 1519 : LANMÒ LÉONARD DE VINCI

2 me 1519, Léonard de Vinci, youn nan pi gwo jeni nan epòk Renesans lan, mouri nan peyi Lafrans, nan Chato Klò-Lise ki toupre Amboaz, ak laj 67 lane. Travay li yo make listwa limanite epi yo kontinye enfliyanse atizay, syans ak panse Ewopeyen an jouk jounen jodi a.

Léonard te yon atis pent eksepsyonèl, e li te kreye anpil mèvèy ki t ap pral tounen senbòl mondyal, tankou Monaliza ak Dènye Soupe a. Men jeni li pa t limite nan penti. Li te fè gwo rechèch nan anatomi, enjenyeri, achitekti ak mekanik. Nan kaye li yo, li te trase modèl machin ki te depase epòk li, soti nan aparèy ki sanble ak avyon rive nan etid detaye sou kò imen an.

Léonard te pase dènye ane lavi li an Frans anba pwoteksyon wa Franswa Premye. Li te kontinye pataje konesans li, travay sou lide li yo, epi fòme jèn atis. Lanmò li te kite yon gwo chòk nan mond atistik ak syantifik epòk la.

2 me 1519 rete youn nan dat enpòtan nan listwa kiltirèl limanite, paske li make disparisyon yon jeni inivèsèl ki kontinye enspire atis, chèchè ak panse atravè plizyè syèk.

Redaksyon : Kenny Paul

     Edisyon : Paj Listwa

3 Mar 2026
PL00030326

PL00030326

3 mas 1845 : Florid vin 27yèm Eta Etazini 

3 mas 1845, Florid admèt ofisyèlman nan Etazini, li vin 27yèm Eta Inyon an. Evènman sa a mete fen nan plis pase vennsenk ane kote li te gen estati teritwa, ak konfli, negosyasyon ak yon kwasans popilasyon ki t ap ogmante piti piti.

Anvan entegrasyon li, Florid te pase anba dominasyon panyòl, epi pou yon ti tan anba dominasyon britanik, anvan yo te remèt li definitivman bay Etazini an 1821. Pandan peryòd teritoryal sa a, rejyon an te fè anpil pwogrè, men li te konfwonte tou plizyè konfli ak nasyon Endyen yo, sitou pandan lagè Seminòl yo.

Antre nan Inyon an te yon gwo etap pou Florid. Sa te pèmèt li jwenn yon reprezantasyon politik konplè, jwenn nouvo resous federal, epi antre nan yon faz devlopman ki pi rapid. Ekonomi lokal la, ki te baze sou agrikilti, plantasyon ak elvaj, te pwofite anpil ak chanjman estati sa a.

Jouk jodi a, dat 3 mas 1845 la rete yon etap enpòtan nan listwa politik ak sosyal Florid. Li make nesans ofisyèl youn nan eta ki pi dinamik, divèsifye ak enfliyan nan peyi a.

2 Mar 2026
PL00020326

PL00020326

2 Mas 1933 : Fim King Kong lan soti nan Etazini

2 Mas 1933 te make sòti fim King Kong lan Ozetazini, yon fim ki t ap vin youn nan fondasyon sinema mondyal la. Avèk ladrès, fim nan te melanje imaj aksyon reyèl ak efè espesyal inovatè, li te transfòme teknik sinematografi yo.

Istwa a swiv yon ekspedisyon nan zile fiksyonèl Skull Island la, kote eksploratè yo dekouvri Kong, yon goril jigantèsk ki enpresyonan e tou ki kaptivan. Depi premye sòti li a, fim lan te atire yon gwo odyans gras ak sèn espektakilè li yo ak atmosfè mistè li.

Siksè King Kong lan te byen vit depase limit yon senp amizman an. Gras ak travay inovatè espesyalis efè espesyal Willis O'Brien, fim lan te louvri chemen pou yon nouvo jenerasyon travay ki prezante yon kreyati kolosal. Li te vin tounen yon pwen referans esansyèl pou sineyas ak fanatik fantezi ak syans fiksyon.

Jouk jounen jodi a, 2 Mas 1933 rete yon dat kle nan listwa sinema. Li reprezante nesans yon mit sinematografik ki gen enfliyans li k ap kontinye soti nan plizyè efè, adaptasyon ak kreyasyon kontanporen.

28 Feb 2026
PL00280226

PL00280226

28 fevriye 1986: Asasina Premye Minis Syèd la, Olof Palme.

Nan dat 28 fevriye 1986, peyi Syèd te boulvèse akoz asasina Premye Minis li a, Olof Palme, youn nan figi politik ikonik nan peyi a.

Pandan l t ap mache pou retounen lakay li soti nan sinema a ak madanm li, san pwoteksyon, jan l te konn viv tankou yon sitwayen òdinè, Olof Palme te mouri nan lari a nan Stockholm pa yon asasen ki te rete enkoni pandan yon bon bout tan. Atak rapid ak brital la te lakòz yon chòk nasyonal ak entènasyonal.

Olof Palme kicte popilè anpil akoz pozisyon fèm li yo, defans dwa moun, opozisyon li kont apated, kritik li kont diktati, ak angajman li nan lit kont pwopagasyon nikleyè. Lanmò sibit li te plonje peyi a nan yon chòk epi li te deklanntche youn nan pi gwo ankèt kriminèl nan listwa peyi Syèd.

28 fevriye 1986 rete grave nan memwa kolektif la kòm fen yon epòk politik ak yon gwo chòk pou Syèd ak rès mond lan.

27 Feb 2026
PL00270226

PL00270226

27 fevriye 1933: Dife Reichstag nan Bèlen.

Nan dat 27 fevriye 1933, yon evènman trajik te frape Almay, dife Reichstag la, kote palman alman an te ye a. Flanm lan te ravaje bilding lan nan aswè a, yon aksyon Chanselye a ak gwoup pwòch li a pat pran tan pou te eksplwate pou konsolide pouvwa yo.

Yo te arete yon jèn aktivis kominis olandè, Marinus Van Lubbe, sou plas la epi yo te akize l kòm moun ki te aji poukont li. Poutan, anpil istoryen kwè ke gwoup nazi a te eksplwate, oswa menm òkestre dife a pou jistifye represyon brital kont opozan politik yo.

Nan jou ki te vin aprè a, Hitler te jwenn dekrè dife Reichstag la nan men Prezidan an, ki te sispann libète sivil yo, otorize arestasyon abitrè, epi fèmen bouch laprès opozisyon an.

Evènman sa a te opere yon gwo chanjman, li te pèmèt rejim Nazi a konsolide pouvwa li, demonte enstitisyon demokratik yo, epi louvri chemen pou yon diktati total ki t apral plonje Ewòp nan Dezyèm gè Mondyal la.

Kidonk, 27 fevriye 1933 rete youn nan dat ki pi nwa nan listwa politik Almay.

26 Feb 2026
PL00260226

PL00260226

26 fevriye 1993: Atak sou World Trade Center nan Nouyòk.

Nan dat 26 fevriye 1993, yon atak bonm te frape World Trade Center. Yon kamyonèt pyeje ki te chaje ak eksplozif, ke yo te mete nan yon pakin anba tè North Tower a, te eksploze nan kòmansman apremidi a, sa ki te kreye yon gwo kratè epi li te pwovoke yon lafimen nan etaj anwo yo.

Atak sa a, ki te òganize pa yon gwoup ekstremis islamik, te gen pou objektif pou fè youn nan bilding yo tonbe sou lòt la. Malgre senaryo sa a pa t rive egzekite ak siksè, eksplozyon an te touye sis moun epi li te blese plis pase mil lòt moun, sa ki te kite yon gwo chok nan lespri pèp ameriken an epi ki te revele vilnerabilite senbòl ekonomik Amerikèn yo.

Atak 1993 la te sèvi kòm yon gwo avètisman, li te anonse yon evènman trajik ki t apral rive 11 septanm 2001. Li te mennen tou nan yon ranfòsman siyifikatif mezi sekirite nan bilding piblik yo ak enfrastrikti iben yo.

26 fevriye 1993 rete yon dat fènwa nan listwa kontanporen Etazini, ki senbolize kòmansman yon nouvo epòk menas teworis sou teritwa ameriken an.

23 Feb 2026
PL00230226

PL00230226

23 fevriye 1918: Kreyasyon ofisyèl Lame Wouj la nan Larisi.

23 fevriye 1918 make nesans ofisyèl Lame Wouj la, enstriman militè jèn Larisi Sovyetik la ki t ap dirije pa Ismaili. Nouvo lame sa a te kreye nan mitan Gè sivil la, lè rejim bolchevik la te oblije konfwonte fòs kont-revolisyonè yo, puisans etranje yo, ak yon peyi ki te sou wout pou yon efondreman total.

Objektif prensipal la sete ranplase milis enpwovize yo ak yon fòs estriktire, disipline, ak santralize. Anba lidèchip Ismaili, ki te nonmen Komisè pou Lagè, Lame Wouj la te byen t apral tounen tounen yon machin militè fòmidab, ki baze sou yon òganizasyon estrik, yon lidèchip ideolojik, ak yon sistèm sèvis militè an mas.

Depi premye mwa egzistans li yo, lame a te oblije defann rejim Sovyetik la sou plizyè fwon. Viktwa final li nan Gè sivil la nan lane 1922 te pèmèt konsolidasyon pouvwa bolchevik la ak etablisman dirab Inyon Sovyetik la.

Aprè sa, 23 fevriye a te vin tounen yon gwo dat komemoratif nan Sovyetik la: "Jou Lame Wouj la," pita yo t apral chanje non li pou yo batize l "Jou Defansè Patri a," ke yo toujou selebre nan plizyè peyi pòs-Sovyetik chak ane.

20 Feb 2026
PL00200226

PL00200226

20 fevriye 1962: John Glenn premye Ameriken ki te ake nan òbit.

Nan dat 20 fevriye 1962, astwonòt John Glenn te reyalize yon eksplwa istorik, li te vin premye Ameriken ki te fè òbit otou Latè. Abò kapsil Friendship 7 la, ki te lanse depi Kap Canaveral, li te konplete twa òbit konplè otou glòb la nan yon ti kras tan, mwens pase senk èdtan.

Misyon sa a te fè pati Pwogram Mercury NASA a, ki te fèt pou demontre kapasite Etazini pou rivalize ak Inyon Sovyetik nan kous espasyal la. Aprè siksè Sovyetik Yuri Gagarin ak German Titov yo, vòl Glenn lan te make yon gwo pwen pou prestij Ameriken an.

Retou li sou Latè te ajite akòz yon pwoblèm ak plak pwotèj chalè a, ki te lakòz yon reantre atmosferik tansyon. Malgre risk sa yo, John Glenn te plonje san danje nan Oseyan Atlantik la, kote yo te rekipere li kòm yon ewo nasyonal.

20 fevriye 1962 rete yon dat ikonik nan listwa eksplorasyon espasyal, ki make moman kote Etazini te demontre kapasite li pou rive nan òbit Latè epi kontinye konkèt espas la.

20 Feb 2026
PL00190226

PL00190226

19 fevriye 1942: Anprizònman Ameriken orijin Japonè yo Ozetazini.

Nan dat 19 fevriye 1942, Prezidan ameriken Franklin D. Roosevelt te siyen Lòd Egzekitif 9066 la, ki te otorize lame ameriken an pou l deplase epi entène plizyè milye sivil yo te konsidere kòm yon menas potansyèl pou sekirite nasyonal la apreè atak Pearl Harbor la.

Pou pipiti 120,000 moun kite gen orijin Japonè, majorite sitwayen ameriken, te oblije kite kay yo sou Kòt Lwès la epi yo te voye yo nan kan entènman ki sitiye nan zòn ki lwen nan peyi a. Kan sa yo te souvan antoure ak fil fè pikan epi yo te anba siveyans sòlda ameriken yo, yon sityasyon ki te reflete yon klima laperèz ak sispèk ki te alimente pa gè Pasifik la.

Yo te denonse desizyon sa a pandan lontan kòm yon vyolasyon grav dwa sivil yo. Nan lane 1988, gouvènman ameriken an te rekonèt ofisyèlman enjistis ki te fèt la epi li te prezante yon eskiz piblik.

19 fevriye 1942 rete yon dat fènwa nan listwa ameriken an, yon senbòl eksè posib nan tan lagè lè yo konsidere sekirite nasyonal la gen plis enpòtans pase libète fondamantal yo ak lavi moun.

18 Feb 2026
PL00180226

PL00180226

18 fevriye 1930: Dekouvèt planèt Pliton.

Nan dat 18 fevriye 1930, astwonòm ameriken Clyde Tombaugh, ki t ap travay nan Obsèvatwa Lowell la, te idantifye pou premye fwa objè selès la ki t apra pita pote non Pliton. Li te reyalize sa a lè li te konpare ak anpil atansyon plak fotografik ki te pran nan diferan jou, yon metòd ki te mande pasyans ak presizyon.

Dekouvèt sa a te abouti ak plizyè ane rechèch ki te vize pou jwenn yon "nevyèm planèt" ipotetik, ki te gen egzistans sijere pou eksplike varyasyon yo obsève nan òbit iranis. Menm si kalkil sa yo te pwouve ke yo pa kòrèk pita, dekouvèt Pliton an te konstitye yon gwo pwen enpòtan nan listwa astwonomi.

Yo te konsidere Pliton kòm yon planèt pandan plis pase 70 ane anvan Inyon Astronomik entènasyonal la te reklasifye li kòm yon "planèt piti" nan lane 2006. Malgre chanjman estati sa a, 18 fevriye 1930 rete yon dat kle, ki make youn nan moman ki pi enpòtan nan eksplorasyon sistèm solè nou an.

16 Feb 2026
PL00160226

PL00160226

16 fevriye 1923: Ouvèti chanm antèman Toutânkhamon an.

Nan dat 16 fevriye 1923, akeyològ britanik la te ofisyèlman inogire chanm antèman faraon an, ki te dekouvri kèk mwa avan nan Vale Wa yo. Moman sa a te youn moman ki pi enpòtan nan listwa Ejiptoloji.

Aprè plizyè ane fouyman san rezilta, Carter te finalman dekouvri, nan mwa novanm 1922, antre yon tonm prèske entak, yon dekouvèt eksepsyonèl lè nou konsidere plizyè milenè piyay. Nan dat 16 fevriye, li te antre pou premye fwa nan chanm santral la kote sakofaj wayal la te ye a.

Tonm lan, ke yo konnen kounye a kòm KV62, te genyen plizyè milye objè presye, tankou mask finerè ki te pi popilè ki te fèt ak lò. Dekouvèt sa a te revolisyone konpreyansyon sou 18yèm Dinasti Ejip la epi li te pwovoke yon gwo antouzyas mondyal.

16 fevriye 1923 rete yon dat enpòtan, ki senbolize youn nan pi gwo dekouvèt akeyolojik ni te rive fèt 20yèm syèk la.

15 Feb 2026
PL00150226

PL00150226

15 fevriye 1898: Eksplozyon bato lagè USS Maine nan " la Havane ".

Nan dat 15 fevriye 1898, bato gè ameriken USS Maine, yo te voye nan yon misyon obsèvasyon nan " la Havane " nan mitan Revòlt Kiben yo kont Espay, li te eksploze sanzatann nan pò a. Eksplozyon an te touye 266 maren, yon sityasyon ki te lage gwo chòk nan tout Etazini.

Malgre ke kòz egzak eksplozyon an rete yon sijè deba jouk kounya, si se te yon aksidan entèn oswa yon zak ostil, laprès Amerikèn nan epòk la te byen akize Espay, sa ki te alimente yon gwo vag patriyotis ak kòlè piblik. Eslogan pi popilè "Sonje Maine lan, al nan lanfè ak Espay!" te gaye nan tout peyi a.

Evènman sa a te jwe yon wòl desizif nan deklanche Lagè Espay-Ameriken an kèk semèn aprè. Konfli a te kout men desizif, li te transfòme Etazini an yon puisans enperyal, sa ki te pèmèt li pran kontwòl Kiba, Pòtoriko, Guam ak Filipin.

15 fevriye 1898 rete yon dat enpòtan nan listwa Amerik la, li te make yon pwen desizif, kote yon ensidan trajik la te vin sèvi kòm yon pretèks pou yon gè ki te chanje balans jeopolitik la.

Page:1 - 2 - 3
X